Lawouze5, pran plezi li, toujou kite yon ti Sipriz k'ap rechofe Kè ou , pou demare yon Nouvèl Jounen.

Louvri ge'w gade, gade chak ti gout lawouze lan Kè chak ti Plant.

Ala bèl sa bèl, yon Bèl ti Tas Souri, ki soti lan fon Kè nou pou wou!

W'ap toujou santi'w byen, lè'w respire bon jan Van fre. D ouvan Jou, Pye Atè.

Ou legèèè... kou ti papiyon k'ap vole, poze sou yon bèl ti Ibiskis Jon.

Zwezo toujou ap chante, jwe bèl ti melodi, pou li swete'w ''Byenvini!''

Epi bo yon bon Lodè Tas Te byen cho, w'ap gade reyon solèy la k'ap danse.

Sa a, se yon Mèvèy san parèy, ou pa t'ap janm imajine'w anndan bèl

Ekip Lawouze5, kote Souri ak Lajwa ap simaye bon jan Vibrasyon lan

Nanm ou,

Kote'n wete chapo'n byen ba, pou'n di'w yon kokenn chenn "Mèsi", lan yon Bèl Tas Souri.

Lawouze5, yon souri!