AKÈY
Byenvini nan Lawouze5, yon jaden kote tout jenerasyon jwenn plas yo. Nou ofri aktivite, souvni ak Byenèt pou tout Moun, espesyalman moun aje yo.
Lawouze5, yon souri !
SOU NOU
Lawouze5, se yon jaden kiltirèl ak sosyal kote nou mete aksan sou memwa, plezi ak byenèt. Nou kwè nan fòs Kominote a ak nan valè lavi a.
Lawouze5, yon souri !
SÈVIS NOU
Lawouze5, se yon jaden pou pataje souvni, bèl ti istwa pèsonèl, jounal entim, epi ansanm koute bèl ti mizik k'ap fè nou vibre, kote chak moun jwenn plas yo .
Lawouze5, yon souri !
KONTAKTE NOU
Ou vle pataje yon lide, yon istwa pèsonèl, yon ti mo, ansanm nou chita nan sèvis "Pale avèm" +1 849 408 5024 pou nou koute ou epi ede ou jwenn bon solisyon k'ap mete ou an konfyans, anamoni ak tèt ou toujou men nan men ak lanati.
Lawouze5, yon souri !
.Granm ti maten "Pye Atè"Douvan jou ", nou konekte ak lanati k'ap fè Nanm nou vibre chak fwa Pye nou poze nan Zantray chalè tè a.
Lawouze5, yon souri !






Anba Tonèl lavi a, nou pran ti tan chita pou koze ak Lanati. Nan fon kè Nou, anpil bèl ti souvni t'ap fè nou souri.
Souf memwa nou t'ap depoze nan kè chak Timoun yon ti flè tandrès makonnen ak bon lide Kominote, Pataj ak bon konbit ki t'ap klere nan je yo, tankou solèy midi.
Chak pawôl ak souri se te yon ti gout lajwa ki t'ap wouze raisin Lanmou. Lavi t'ap boujonnen , fleri, nan kè chak Ti Lyon, Ti Lyòn. Mèsi Lavi. Mèsi Lanmou. Mèsi Granni.
Lawouze5, yon souri !
Sou Chimen Lavi a, nou kontre ak tout kalte Plant. Nou pa Simen, men nou Rekòlte bon jan ti fwi, ki fè nou toujou kontan manche plim nou, pou nou ekri bèl ti souvni kite pou ou, ak bèl ti mo dou ki ka fè ou vibre.
Lawouze5, yon souri !
Au coeur de la nuit, mon cœur veille, il chante la joie du silence. Au coeur de la nuit bercée par la lumière des étoiles, je me blottis tout au fond des nuages pour rêver d'une vie parsemé de rose🌹 🌹 🌹 entouré d'épines.
Au coeur de la nuit, je me réveille toute souriante, pour affronter le plus beau jour qu'est Aujourd'hui.
Lawouze5, yon souri !
Douvan jou, anvan solèy lève, nou t'ap kontanple Mèvèy Lanati, Ou ta di se sèl nou ki te la. Nan silans sa , anpil bèl pawôl, anpil koze t'ap anrasinen nan Zantray Nou... Nou manje ansanm epi nou ofri ou yon pi bèl souri.
Lawouze5, yon souri !


















Chak gout se yon wouze, se yon souri, nan yon jaden kote mo fleri, mizik danse, AK memwa respire. Ou lakay ou, kèlkeswa laj ou.
Lawouze5, yon souri !


Lawouze5 son kominote kap Bouje, kap grandi lan yon ambyans kote chak jès, chak rega, chak souri son mesaj lanmou ki fè'w santi'w an konfyans, ou byen, lespri'w trankil pou kòmanse yon pi bèl jounen.
Lawouze5, yon souri !




.Chak jou nan lavi nou se yon jaden souvni ki mande nou aroze li ak dousè. Menm ti detay ki pi piti an gen anpil gwo limyè, yon souri, yon ti jès lanmou .... Ti moman sa ap fleri nan kè ou, lè ou gade li ak anpil tandrès.
Lawouze5, yon souri !


Chak jou ki pase lanati ofri nou yon chans pou nou ekri yon lòt istwa, pou nou pwofite de tout kalte mèvèy kreyasyon an.
Lawouze5, yon souri !